lundi 18 janvier 2016

Kisa k' enpòtan pou ou ?

Hey ! Kisa k' enpòtan pou ou?
Plezi? Telefòn ou? Ranse toutan sou rezo sosyal yo, facebook ak whatsapp? Fe diskisyon politik, fotbòl tout jounen? Jwe domino, bwe kleren?
Oubyen...
Jwenn yon bon Travay ? Gen yon bèl Biznis? Relasyon ak Bondye? Gen yon vi fanmi ki agreab? Gen anpil zanmi ? Reyalize rèv ou?

Tout sa m sot site la yo, se pa move bagay yo ye. Genyen ki enpòtan, genyen tou ki pa tro enpòtan e kap fè n pèdi tan pou granmesi. Men li vin yon move bagay lè l se obstak ki anpechew progrese, ki anpechew reyalize rèv ou.

Yon telefòn se yon zouti ki enpòtan anpil paske li pemet kominike kelkeswa kote nou ye, men si w' mal itilize l li ka koz ou pèdi tan, li ka elwanye w ak moun k'ap viv menm kote avè w. Li ka fè yo blamew nan travay ou e li ka menm few pèdi travay ou, li ka menm koz ou fe aksidan an.

Yon travay pemet nou jwenn yon salè chak mwa pou reponn ak bezwen nou, bezwen fanmi nou, men yon moun ki bay travay li tout tan l tout atansyonl li neglije fanmil.
Biznis pèmèt ou rantre kòb, pèmet ou dispoze de tan w.
Tout moun k'ap viv Bondye gen yon bon relasyon ak kreyatè linivè a, Jewova Dye.
Fonde yon fwaye se yon bon bagay.
Tout moun bezwen zanmi, pou kont ou li pap fasil pou w reyisi.
Plezi ak detant pemet nou defoule, yo bon pou kè nou, pou kò nou.

Men kot pwoblem nan?
Ebyen pwoblem nan :
- Se lew pa fe bagay sa yo nan bon moman an, le sa li vin pa enpotan paske lap few gaspiye tan ke w pa menm genyen an.
- Se le sa w pran plezi ap fe a pap edew reyalize saw vle a.

Se pa mwen k ap detèmine sa k' enpòtan pou ou a. Se ou menm ki pou konnen kisa k' enpòtan pou ou nan moman sa e eseye wè eske se sa w'ap fè oubyen  eske sa w'ap fè a ap pèmèt ou reyalize sa w' vle nan lavi a.

Si w pa detèmine depi jodi a menm sa k' enpòtan an pou ou a, le w' gad nan mont ou w'ap wè l fè trèzè !

Fè sa k' enpòtan an

Poukisa w' tris?
Poukisa w' akable konsa?
Sanble w ap kriye, poukisa?

Petèt ou santi desi, ou santiw dezespere paske lavi a baw kou. Yon moun ou renmen gendwa trayi w. Ou pedi travay travay ou, kay ou, yon bagay ki gen anpil vale pou ou.  Petet ou desi tou paske rezilta w jwenn nan se pa li ou espere, se pa li ou tap tann.

Tande non! Prete atansyon a sa m pral diw la yo!

Kelkeswa rezon ou tap bay tet ou, Se pa yon rezon pou dezespere, pou desi nan lavi a konsa. Siw poko jwenn rezilta w, konnenw poko travay ase. Mete fanm nan fanm ou! Met kanson w nan tay ou! Kontinye lite jiskaske w jwenn li.

Pa kite presyon, tet chaje, desepsyon, few dekouraje ak lavi a men se lavi a ki pou dekouraje devan andurans ou, deteminasyon w ak atitid pozitif ou lakay ou.

Tande non! Anyen pa fasil! Kelkeswa sa w vle a ou dwe redi pou genyenl. Tout saw wè ou jwenn san redi, san redi l prale paske menm saw redi anpil pou w reyalize tan ak evènman sanzatann ka potel ale nan yon bat je. Men li vo lapenn pou w eseye travay di pou w jwenn saw vle a.

Pa kite anyen fèw pa reyalize rèv ou ! Goumen pou sa w vle a, sa w vle ye nan lavi a. Ou met kwe m wap jwenn li san mank.

Olye w rete la, ap kriye, ap plenyen, ap akablew, poukisaw pa soti kounyea pou w al fè sak enpòtan an pou ou? Sak enpotan nan moman sa se premye bagay ou ka fè nan tout saw pral gen pou fè pou reyalize rèv ou.