Poukisa w' tris?
Poukisa w' akable konsa?
Sanble w ap kriye, poukisa?
Petèt ou santi desi, ou santiw dezespere paske lavi a baw kou. Yon moun ou renmen gendwa trayi w. Ou pedi travay travay ou, kay ou, yon bagay ki gen anpil vale pou ou. Petet ou desi tou paske rezilta w jwenn nan se pa li ou espere, se pa li ou tap tann.
Tande non! Prete atansyon a sa m pral diw la yo!
Kelkeswa rezon ou tap bay tet ou, Se pa yon rezon pou dezespere, pou desi nan lavi a konsa. Siw poko jwenn rezilta w, konnenw poko travay ase. Mete fanm nan fanm ou! Met kanson w nan tay ou! Kontinye lite jiskaske w jwenn li.
Pa kite presyon, tet chaje, desepsyon, few dekouraje ak lavi a men se lavi a ki pou dekouraje devan andurans ou, deteminasyon w ak atitid pozitif ou lakay ou.
Tande non! Anyen pa fasil! Kelkeswa sa w vle a ou dwe redi pou genyenl. Tout saw wè ou jwenn san redi, san redi l prale paske menm saw redi anpil pou w reyalize tan ak evènman sanzatann ka potel ale nan yon bat je. Men li vo lapenn pou w eseye travay di pou w jwenn saw vle a.
Pa kite anyen fèw pa reyalize rèv ou ! Goumen pou sa w vle a, sa w vle ye nan lavi a. Ou met kwe m wap jwenn li san mank.
Olye w rete la, ap kriye, ap plenyen, ap akablew, poukisaw pa soti kounyea pou w al fè sak enpòtan an pou ou? Sak enpotan nan moman sa se premye bagay ou ka fè nan tout saw pral gen pou fè pou reyalize rèv ou.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire