Klike la pou tande vesyon odyo Podcast
Moun ki pa gen objektif la, travay pou reyalize objekti lòt moun.
Petèt, se yon kesyon w pa janm eseye reponn. Li vo lapèn pou w' reponn kesyon sa a avèk presizyon e klate. Paske, repons ou jwenn nan se bi ou, objektif ou ak rèv ou genyen yo ki pral enfliyanse tout desizyon w pral pran nan lavi a.
Yon moun ki pa gen objektif, yo konpare l' ak yon bato ki pa gen gouvènay. Se van ak lam lanmè a kap pote l' ale. Li ka al chwe sou yon zile, konsa tou li ka fè nofraj si l'al frape nan yon resif.
Li enpòtan pou konn kisa w vle depi kounyea. Si w pa konn sa w vle, wap travay anven. Pa kite se lavi a kap deside pou ou. Se ou menm ki pou pran kreyon desine moun ou vle a, sa vle di trase destine w.
Pa kite se van lavi a ki mennen w' kote l' vle. Destinew se ou ki pou trase l'. Pran avni w' an men! Desine prop wout ou.
Pa kite se van lavi a ki mennen w' kote l' vle. Destinew se ou ki pou trase l'. Pran avni w' an men! Desine prop wout ou.
Pa di li gen plis chans pase w si w wè l reyisi. Ou pa konn ki sakrifis li te fè pou l' rive la. Pa konpare tèt ou ak lot moun, chak moun inik, chak pa gen kapasite men nou gen yon bagay an komen, se ke nou ka reyisi. Detemine sa w vle ye a, epi komanse aji depi jodia menm.
Pa bliye ! Sa w vle a se li k' enpòtan an pou ou, pa kite anyen distrè.
Pran yon fèy papye ekri "Kisa m vle nan lavi a?". Epi ekri tout sa w ta renmen reyalize.
Pwoche atik la pral di w kisa pou fe answit.
Bon siksè !
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire