dimanche 6 mai 2018

7 PRENSIP CHAK MOUN DWE IMITE SOU LAVI YON ÈG (aigle)

Jodia, m jwenn pòs sa sou facebook, kote otè fè resòti 7 prensip nou ka imite nan lavi yon èg. Se yon trè bèl atik e m deside republiye l sou blòg mwen ak referans otè a pou lektè m yo.
Petèt nou pa janm swiv sa, ÈG se youn nan zwazo ki bay plis egzanp epi ki difisil pou moun konprann tou, se yon bèt ki trè misterye.
Men 7 prensip lidèchip nou dwe aprann lakay zwazo sa. (aigle):
1. ÈG vole pi wo pase tout lòt zwazo, lèfini se ak èg parèy li li vwayaje, li pa janm vole ak ti zwazo tankou : toutrèl, pijon ets...
PRENSIP 1 : ekate w de tout moun ki limite, moun kap anpeche w avanse ak bon vitès, moun kap fèw an rete, ÈG vole ak ÈG. Donk ou menm ou dwe pran pa ak moun ki nan ran w.
2. ÈG wè lwen, yo wè byen, anyen pa ka detounen atansyon yo sou yon ti bèt yo fikse pou al manje oubyen sou nenpòt lòt bagay.
PRENSIP 2 : toujou vize epi pa kite okenn obstak detounen w atansyon w sou sa w vize a.Konsa wap reyisi.
3. ÈG pa janm manje bèt li jwenn tou mouri, se vyann frèch li manje.
PRENSIP 3 : pa gade sou saw te genyen nan pase, ni sou plas ou te okipe. Kontinye travay pou w toujou genyen, paske pase rete pase.
4. ÈG RENMEN TANPÈT AK SIKLÒN.
Lè konsa yo deplwaye zèl yo plis jis yo rive anlè nyaj yo nèt epi yo pwofite glise sou glas yo, yo kite zèl yo repose, lè yo jwenn van tanpèt la yo vòltije, poutan nan moman sa tout lòt zwazo kache nan branch bwa oubyen nan twou wòch.
PRENSIP 4 : ou dwe fè fas ak difikilte yo, pwofite de tanpèt lavi a pouw vole pi wo epi ak plis fòs. Pa pè defi, men itilize yo pouw fè plis efò konsa wap rive pi wo.
5. ÈG difisil pou viv a 2 nan lanmou, avan yo rive fè sa, femèl la toujou pase mal ki vle a yon tès. Femèl yo gen pou abitib desann pran yon ti branch bwa atè epi li monte avèk li byen wo nan bèk li (pandan mal la ap pouswiv li). Aprè sa li lage l pou mal la gentan atrap tibwa a avan li rive atè.
(Yo fè tès la plizyè fwa, si mal la reyisi tout tès yo, femèl la ap dakò antre an koup avèk li.)
PRENSIP 5 : te mèt se nan lavi prive w oubyen nan travay ou, avan ou asosye ak yon moun ou dwe teste nivo angajman l.
Pa al asosye ak yon moun ki jis montre li vle travay avèk ou , men ki pa baw okenn prèv angajman. Sa valab pou moun wap chwazi pou w fè vi w la tou.
6. ÈG PREPARE PITIT YO POU VOLE
Yo retire tout bèl plim ak zèb dous ki nan nich yo, konsa lè pitit yo pa alèz yo oblije fè efò pou vole pi rapid pou yo ka sòti nan nich la.
PRENSIP 6 : kite lavi "luxe" wap mennen an paske lè w pase tout tan w ap pran plezi se pa pwofi wap fè. Al afwonte lavi pou w pa pase tout tan w nan yon nich.
7. LÈ ÈG YO VYEYI (granmoun)
Plim yo vin fèb, yo pa ka vole ni wo ni rapid menm jan an ankò. Sa fè yo vin fèb e yo ka menm mouri.
Lè konsa yo ale nan mòn, yo rache tout vye plim yo, yo kase bèk yo nan wòch. (Yo bay san, li fè yo mal anpil)
Yo rete kache nan twou wòch jistan lòt plim nèf vin pouse sou yo, yo pouse yon lòt bèk ak lòt grif, epi yo sòti kounya yo vin ka vole menm jan ankò.
PRENSIP 7 : nou dwe retire tout vye abitid ki anpeche nou avanse menm si se difisil, tout vye bagay kap peze nou, pa janm di : «NOU PA GEN CHWA»
Pataje mesaj la siw twouve ÈG se yon egzanp a swiv.